Bible Creole Haitien | Book List

Navigation


 

Som/ Psaumes 48

1 (048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.

2 (048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.

3 (048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.

4 (048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.

5 (048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.

6 (048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,

7 (048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.

8 (048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.

9 (048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.

10 (048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.

11 (048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.

12 (048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.

13 (048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen

14 (048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.